Moralite • Patriyotis • Entegrite

Pwochen Moun ki ap gen pou Vin Dirije Peyi A Se Pèp la Ki Dwe Chwazi li.

Platfòm sa ouvè pou tout Ayisyen (anndan peyi tankou nan dyaspora) pou fè yon pwopozisyon. Pwopoze yon moun ou remake ki ranpli kondisyon sa yo pou li ta vini pwochen moun ki ap gen pou dirije Ayiti: Yon moun ki gen vizyon klè, moralite, sans patriyotis ak entegrite.

Ilistrasyon patisipasyon sitwayen

7 VÈTI YON MOUN KI AP VIN DIRIJE AYITI DWE GENYEN

🤝

Entegrite

Yon lidè dwe rete onèt, kenbe pawòl li, epi aji ak konsyans ak respè pou verite a.

🌅

Vizyon

Li dwe gen yon vizyon klè pou avni peyi a, wè pi lwen pase enterè pèsonèl oswa gwoup.

🛡️

Kouraj

Fè fas ak difikilte, pran desizyon ki jis menm lè yo pa popilè, e defann sa ki dwat.

📚

Konpetans

Konprann zafè leta, pran bon desizyon ak konesans, eksperyans, ak konfyans nan tèt li.

🔷 3 Lòt Vèti

🇭🇹

Endepandans Nasyonal

Okenn sipò etranje, okenn soumisyon bay gwo pwisans oswa finans doutè.

🤝

Prezan ak Lwayote

Toujou an Ayiti, menm nan tan kriz, pre travayè yo ak moun yo bliye.

🎭

Defansè Kilti

Lang, memwa, souverènte kiltirèl nan kè chak aksyon.